WILMINGTON, Del., Jan. 2, 2026 — Maladi kadyovaskilè (CVD) se kòz prensipal lanmò pou fanm nan Delaware epi nan tout Etazini. Pou chanje sa, American Heart Association, yon fòs san presedan ki chanje lavni sante pou tout moun tout kote, ap ankouraje fanm pou priyorize sante kè yo. Se yon plezi pou The Heart Association anonse ke Ashley Addison Foster, M.B.A., vis prezidan prensipal, responsab an chèf, Beebe Healthcare, pral sèvi antanke prezidan pou dezyèm ane konsekitif kanpay Delaware Go Red for Women nan, yon mouvman ki bay fanm kapasite pou pran sante kè yo anchaj, pandan l ap abdòde gwo eka ki gen nan rechèch, edikasyon ak swen. Go Red for Women (sitwèb an Anglè) pran angajman pou ede fanm yo dirije lavi yo plis ansante.
Sou baz gwo siksè kanpay 2025 lan, Foster pral dirije inisyativ la pou kontinye ogmante sansiblizasyon ak fon yo pou konbat maladi kè, kòz prensipal lanmò pou fanm yo. “Mwen onore epi plen enèji pou kontinye dirije misyon esansyèl sa a," se sa Foster te di. "Kanpay ane pase a te demontre pisans rasanbleman kominote nou an pou sove lavi fanm yo. Ane sa a, n ap konstrui sou momentòm sa a pou atenn menm plis fanm avèk edikasyon ak resous ki sove lavi.”
Malgre menas CVD, mwens pase mwatye nan fanm yo okouran de risk li. Go Red for Women pran angajman pou fèmen eka ki genyen nan aksè nan swen ak ankouraje yon kominote sipò.
Kanpay Delaware Go Red for Women sa a pral konsantre sou ogmante sansiblizasyon konsènan faktè risk kadyovaskilè inik fanm yo, ankouraje aksè ekitab nan swen epi soutni rechèch ki la pou sove lavi yo. Atravè angajman kominotè, patenarya ak inisyativ edikatif, kanpay la pral vize pou ankouraje fanm nan tout eta a pou pran desizyon ki bon pou sante kè a epi ankouraje chanjman sistemik pou pi byen soutni rezilta yo pou tout moun.
“Genyen yon sous sipò ke fanm yo ka konte sou li — youn lòt. Pasyan san parèy Ashley ak angajman pou mouvman Go Red for Women la ap kreye yon vag chanjman nan Delaware,” se sa Jim Murphy, direkè egzekitif, American Heart Association – Delaware a te deklare.
Selebre reyalizasyon lokal Go Red for Women yo nan dat 15 Me 2026, nan Eksperyans Delaware Go Red for Women lan nan Chase Center a sou Riverfront nan Wilmington. Evènman an pral montre istwa sivivan yo, oratè enspiran ak yon ekspozisyon sante angajan ki mete aksan sou misyon sante kè fanm yo.
Go Red for Women esponnsorize nan tout peyi a pa CVS Health, ak Eksperyans Delaware Go Red for Women esponnsorize lokalman pa Beebe Healthcare, ChristianaCare ak lòt yo. Pou jwenn plis enfòmasyon epi pou patisipe, kontakte Laura Loro nan laura.loro@heart.org oswa vizite heart.org/delawaregored. (sitwèb an Anglè)
###
Konsènan American Heart Association an
American Heart Association an se yon fòs enkwayab pou yon monn ki gen lavi ki dire plis tan, lavi ki ansante. Pran angajman pou asire sante ki ekitab nan tout kominote yo, òganizasyon an te yon sous prensipal enfòmasyon sou sante pou plis pase san lane. Soutni pa plis pase 35 milyon volontè nan tout monn lan, nou finanse rechèch novatè, defann sante piblik la, epi bay resous esansyèl pou sove ak amelyore lavi ke maladi kadyovaskilè ak estwòk te afekte yo. Lè nou favorize gwo avanse yo epi aplike solisyon ki pwouve yo nan lasyans, politik, ak swen, nou travay san kanpe pou fè avanse sante epi transfòme lavi chak jou yo. Konekte avèk nou nan heart.org (sitwèb an Anglè), Facebook, X oswa lè w rele 1-800-AHA-USA1.
Konsènan Go Red for Women®
Inisyativ siyati American Heart Association la, Go Red for Women®, se yon platfòm konplè ki la pou ogmante sansiblizasyon sante kè fanm epi sèvi kòm yon katalizè pou chanjman pou amelyore lavi fanm yo nan tout monn lan. Byenke yo ka anpeche majorite evènman kadyak yo, maladi kadyovaskilè se kòz prensipal lanmò lakay fanm yo, sa ki vle di lavi 1 fanm sou 3. Pandan plis pase de deseni, Go Red for Women te ankouraje sansiblizasyon an. Mouvman an mobilize enèji, pasyon ak fòs fanm yo pou ini yo epi elimine maladi kè a ansanm. Li defye yo pou konnen risk yo genyen pou maladi kè epi aji pou redui risk pèsonèl yo. Epitou sa ba yo zouti yo bezwen pou dirije yon lavi kè ki ansante. Mouvman Go Red for Women lan resevwa espònnsò nan tout peyi a nen men CVS Health, avèk lòt sipò nan men sipòtè kòz nasyonal yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri vizite GoRedforWomen.org (sitwèb an Anglè) oswa rele 1-800-AHA-USA1 (242-8721).
Pou Kesyon sou Medya yo:
Athena Klapak, athena.klapak@heart.org
Pou Kesyon Piblik yo: 1-800-AHA-USA1 (242-8721)
heart.org (sitwèb an Anglè) epi derramecerebral.org